IPDS

Monbin Crochu se yon komin nan awondisman Vallieres depatman Nodès. Li gen 2 seksyon kominal, premye a se Sans Soucis, dezyèm nan Bois Laurence. Li gen 31 556 moun kap viv ladan e li mezire 191,51 km2. Se yon komin ki genyen anpil kapasite pou fè agrikilti men peyizan yo manke ankadreman sa ki lakòz tout tè yo rete prèske vid.

Nan lane 2012, aprè 10 jou fòmasyon yon group sitwayen nan 2ème seksyon sans souscis te fin swiv ak Partenariat pour le Développement Local (PDL),  yo te konstate tout òganizasyon ki te prezan yo te soti nan bouk la e seksyon pa yo a pat gen reprezantan, konsa lè yo rive nan seksyon an, yo deside mete tèt yo ansanm pou kreye yon òganizasyon ki pou reprezante seksyon pa yo a paske yo estime ke yo gen kapasite menm jan ak moun ki soti nan sant vil Mombin Crochu. Mete sou sa yo kwè pa gen moun ki kapab pote chanjman yo reve nan seksyon an si se pa yo ki mete tèt yo ansanm pou chanje eskanp figi lakay yo.

0823181101a-51.jpg

Inyon pou Devlopman San Sousi pran nesans 13 desanm 2012. Òganizasyon sa a ki vize devlopman te kòmanse ak 20 moun nan San Sansi, kounya ki chita kòl nan tout 50 abitasyon (IHSI 2009) ki genyen nan seksyon sa a. Pou pèmèt aktivite yo desantralize, òganizasyon an divize an 17 blòk. Blòk yo se yon ansanm gwoupman peyizan ki genyen 15 a 20 moun ladann li. Gwoupman yo se yon ansanm de 70 a 80 manm ki soti nan yon lokalite. Se gwoupman yo ki baz òganizasyon an. Modèl fonksyonman sa a pèmèt IPDS kouvri tout seksyon an e idantifye problèm moun yo ap rankontre. IPDS travay nan agrikilti, sante, kredi fanm, jesyon òganizasyon ak anpil lòt anko.

Nan agrikilti, yo fòme volontè agrikòl pou al travay ak peyizan yo pou montre yo nouvo metòd kap pèmèt jaden yo bay plis rekòt tankou: yo aprann yo pa brile zèb nan jaden an paske lè yo mete dife nan zèb yo fin sakle yo, yo brile plizyè milye ti bèt moun paka wè ak je nan tè a men ki ap fè yon travay ki enpotan anpil nan tè a, yo konseye yo fè ranp ak zèb yo fin sakle yo olye yo brile yo.

Nan Sante a yo fè prevansyon kont maladi moun ka pran nan fè bagay ak maladi ki ka transmèt yo, yo montre medam yo bon metòd kap pèmèt yo fè pitit nan moman yo vle e kontrole kantite timoun yo vle fè. Dieulène Joseph ki se responsab kredi nan IPDS  rekonèt :

 "Timoun se byen malere, men se lèw ka reponn a bezwen li chak jou".

C360_2018-08-23-11-16-27-562-52.jpg

Apre yo te fin konstate plizyè santèn moun nan zòn nan kap soufri ki paka jwenn swen sante akòz lajan yo pa genyen, yo siyen yon protokòl dakò ak sant sante ki nan vil la pou chak mwa li vin fè klinik mobil nan seksyon an sa ki pèmèt moun yo konsilte epi jwenn medikaman ke yo bezwen ak 50 goud sèlman. Epi chak premye desanm ki make jounen mondyal SIDA, sant la reyalize yon gwo klinik mobil nan lokal IPDS la pou manb yo ak moun ki ap viv nan lokalite a.

Pou kredi fanm nan, apre yon demand yo te fè nan PDL nan lane 2012 li ba yo 125 000 goud, sa ki ta pral pèmèt yo prete 50 fanm nan zone nan 2 500 goud pou ak yon to enterè 2 %  ak 14 lòt fanm ki te viktim nan tranbleman tè 12 janvye 2010 la ki te retounen Mombin Crochu, 400 goud pou ak yon to enterè 1 % kite soti dirèkteman nan men PDL. Pou kounya yo rive bay 343 fanm nan seksyon an kredi pou yon enterè 2%.

IMG_0622-93.jpg

Nan menm ane 2012 la yo vin jwenn yon sibvansyon 125 000 goud nan men PDL, yo achte pwa nwa pou prete manb yo, sou chak mamit yo prete apre rekòt la moun kite prete a ap bay mamit li te prete a ak 2 gode kom enterè ki pral pèmèt yo prete lòt peyizan ki nan groupman an pou yo kapab granmoun tèt yo.

Yon fason pou yo kap jere òganizasyon an pi byen e konprann dwa ak devwa yo kòm manb IPDS, yo chèche fòmasyon nan men patenè yo ki se PDL sou kèk problèm ke yo konn jwenn nan blòk yo ak pou komite santral la ka konnen dwa yo ak devwa yo kòm moun kap dirije IPDS.

Nan lane 2013 yo monte yon kès kredi ki rele kredi fanm pou prete manb yo kòb yon fason pou yo kreye aktivite biznis yo. Manb yo ka louvri yon kanè ak 175 goud epi mete pou piti 50 goud sou li. Kanè sa pèmèt manb yo prete kòb pou 6 mwa ak yon enterè 3 %  chak mwa e manb yo jwenn jiska 10 000 goud prete.

P_20180823_113813_LL-53.jpg

Nan lane 2015 aprè yo te fin konstate kòman fwi ak legim yo ap gate nan zòone nan, yo te deside rantre nan transfomasyon. Yo kòmanse transfòme mango, zoranj, ak grenadya an likè, konfiti ak siro. Kòb enterè pwa yo te konn prete manb yo, aprè evalyasyon montan an te 111 000 goud. Sa ta pral pèmèt yo achte plis pwa nwa pou sechel epi metel nan depo, aprè triyel pou retire ròch, sab, ak grenn lòt koulè ki nan pwa nwa epi metel nan sak 55 liv, yo voye yo bay PDL vann pou yo swa nan mache lokal, nasyonal oubyen ak kèk enstitisyon tankou PNCS, PAM, ak anpil lòt ki toujou achte tout kalte pwodwi nan men yo. Pou kounya a akòz mache yo pa jwenn pou vann pwodwi sa yo, yo oblije pa pwodwi menm kantite a paske li konn fè plizye mwa nan men yo avan yo resi jwenn yon mache pou vann pwodwi sa yo.

Endividi moun pa rive idantifye te tante piye kès la nan lane 2016. Malgre yo te kase premye pati a, yo pat rive jwenn kòb la akòz lajan an te byen asire. Nan menm lane 2016 la, yo t jwenn yon finansman 103 025 goud nan men PDL, aprè yo te fin soumèt li yon projè pou pèmèt yo fè plis aktivite anndan groupman an.

Aprè yon asanble, yo te fin fè komite a ak tout manb yo epi yo te deside pou benefis yo fè sou kredi yap bay yo ak kotizasyon 100 goud manb yo bay chak ane a, pou IPDS achte yon teren ak tout yon kay 2 pyès. Depans sila ta pral koute yo 100 000 goud. Kèk ane aprè yo bati yon lòt kay an blòk sou teren sa pou asire pi plis byen IPDS.

Nan ane kap vini yo, IPDS vle fè plis moun jwenn kredi pou al fè biznis yo epi reponn a bezwen chak jou yo, rive bay plis peyizan semans pou voye vann plis manje lavil ak pou plis moun nan seksyon an jwenn manje nan asyèt yo.