COPEDSA

COPEDSA se yon koperativ ki chita kòl nan bouk Sen Michèl Latalay. Sen Michèl se dezyèm pi gwo komin nan peyi Dayiti. Li laji kòl sou yon sipèfisi 613,74 km2 nan depatman Latibonit. Li gen 150 511 moun k’ap viv ladan l selon yon resansman IHSI te fè nan lane 2015. Prensipal aktivite moun sa yo se travay latè, men pwodiksyon yo genyen plis nan komin lan se kann ak fwi tankou mango, zoranj, tamarin, elatriye.  Komin nan pa gen wout, se sa ki fè li difisil anpil pou moun yo al vann pwodi yo genyen nan lòt zòn nan peyi a. Lè lòt konpayi vin pran fwi yo, yo pran mezi sa yo bezwen e rès yo te rete nan komin lan jous yo rive gate.

Konsta sa a te pouse yon gwoup sitwayen nan zòn nan tankou Dieubon Deau, Dieudonné Lucsé, Roland Flerisma panche sou fason yo ta ka anpeche gaspiyaj mango nan komin nan. Apre yon rankont yo te genyen ak agwonòm Bony, agwonòm nan te renmen lide moun sa yo genyen an e ta pral voye de (2) teknisyen pou fè yon gwo fòmasyon pou yo jou ki te 27 jiyè 2004 sou jesyon koperativ. Avan fòmasyon fini, moun sa yo te tou deside pou monte yon koperativ ke yo te deside bay pote non COPEDSA e ki defini kòm Coopérative de Production pour le Développement de Saint-Michel de l‘Attalaye.

Yo te kòmanse ak 27 manm e te rive kotize 15 mil goud pou yo te ka lwe pou 2 lane yon chanm kay pou yo fè biwo koperativ la. Se te yon move peryòd akòz se te apre koudeta prezidan Aristide kote te gen gwo enstabilite men sitou pwoblèm koperativ epay 10% yo ki te fin sove ak lajan kliyan yo. Se pa yon bagay ki te fasil pou COPEDSA paske moun nan kominote a te konn rele yo « bann koken » men yo te reponn pou yo te di, yo se« Coopérative de Production ».

20180814_105048_Film1-15.jpg

Objektif  koperativ la se amelyore lavi moun nan kominote a pandan yo ap travay nan 3 domèn ki se : Pwodiksyon, Transfòmasyon ak Komèsyalizasyon. Menm ane sa a, apre kèk fòmasyon yo te jwenn nan men Oxfam, COPEDSA te lage l nan fè grèf mango fransik epi fè fòmasyon pou moun nan kominote. Konsa yo te rive grefe plis pase 18 000 pye mango. Kominote a te kontan paske pa te gen anpil mango fransik nan komin lan e yo vin rejwenn COPEDSA nan sa li t’ap fè a.  Fòk nou di byen mango fransik egal lajan depi li byen antreteni paske se inik mango nan peyi a nou rive ekspòte.

Katèl Majistra ki te la nan epòk sila, ki te genyen Mesye Wisnel Gilles nan tèt li, te kontan wè aktivite sa yo nan kominote a. Pou ankouraje inisyativ sila, meri a te fè COPEDSA kado yon kawo tè pou yo fonksyone. PRODEVA nan Ennri li menm ki te wè kijan koperativ sa travay epi gen vizyon , te vin konstwi yon batiman pou yo.

Konstriksyon lokal yo a te pèmèt tout bon vre COPEDSA kòmanse rantre nan transfòmasyon fwi tankou mango pou fè ji mango, jele mango, mango sèch, kremas mango, ak likè mango. Aktivite sa yo te tèlman bon, yo pouse 3 lòt atelye vin kreye epi travay nan domèn transfòmasyon. Konesans koperativ la nan domèn sa a ak kalte materyèl yo pèmèt yo vin tankou yon gran paran pou lòt atelye sa yo epi devlope kèk patenarya ak yo.

IMG_9541-75.jpg

Aktivite sa yo, te vin pèmèt genyen plis mango fransik gras ak grèf yo te fè nan kominote a. Sa lakòz gaspiyaj mango a diminye nan komin nan, paske koperativ la rive touche 6 nan 8 seksyon komin nan genyen. Yo estoke ji mango a pou lè pa gen mango pou yo fè siwo mango ak « Rhum COPEDSA ». Ronm sa a fèt ak mango madan blan, fransik epi mango tisya. Yo itilize zouti tankou refraktomèt, tèmomèt ak alkolmèt pou yo te asire yo respekte tout nòm yo. Mete sou sa, yo te menm voye ronm nan nan Laboratwa Nasyonal pou konnen si yo ka mete pwodi a sou mache a. Tès yo te revele se yon ronm kalite. Pou kounye a yo pwodi anviwon 770 kès ronm e kès yo pran 12 oswa 24 boutèy.

Daprè deklarasyon Meriana GENATUS ki se youn nan ajan Maketing COPEDSA.

« COPEDSA ede popilasyon an anpil. Li fè peyizan yo jwenn travay ak yon seri ONG sou zafè grefaj mango, medam yo tou jwenn kote pou yo debouye yo pou yo pa chita lakay san yo p’ap fè anyen. Li ede yo peye lekòl pitit yo, yo jwenn pwodi tankou kremas, likè ak jele mango pou yo voye bay pitit yo k’ap etidye lòt kote nan peyi a. Kounye a, yo pa bezwen al nan makèt pou yo konsome pwodi sa yo. Li pèmèt yo toujou gen mango menm si sezon mango an fini gras ak mango sèch »

Roland FLEURISMA ki se teknisyen nan COPEDSA ta fè konprann ke mango a se yon bon fwi, li ede moun ki gen pwoblèm nan je, li netwaye vizyon yo. Li kontinye pou di :

« Pou zafè vant lan, sa pa twò byen mache paske nou manke mache pou nou ekoule pwodi yo, se chak 8 me lè fèt patwonal komin nan nou vann plis pwodi ak lè gen aktivite fwa nan komin nan osinon lòt komin nan depatman peyi a. »

P_20180909_161206_LL-54.jpg

COPEDSA vle kouvri mache lokal la, nasyonal e menm entènasyonal la. Yo vle ede manm yo plis epi jwenn plis kòb nan mityèl la pou manm yo ka prete plis kòb ak yon enterè ki pi ba. Koperativ la ap travay tou pou yo genyen yon chanm fwad pou ka konsève plis mango pou lè sezon mango an fini epi konsève pwodi yo lè yo pa vann sou mache yo a.

Jodi a koperativ la gen anviwon 650 manm. COPEDSA vle elaji pou yo vin gen plis moun pou fè transfòmasyon fwi epi pwoteje pwodi yo tou. Nan COPEDSA moun se resous ki pi enpòtan nan tout sa yo ap fè, yo kwè si yo jwenn plis moun yo ap rive chanje lavi kominote Sen Michèl la.