KOATAM

Komin Bawon sitiye nan depatman Nò peyi Dayiti. Li gen ladan li 3 seksyon kominal ki se Bay, Montay Nwa ak Bwapen. Sòti nan komin Piyon oubyen Rankit pou rantre nan komin Bawon pa fasil menm paske wout yo pa bon menm. E menm pwoblèm wout sa poze si wap sòti Gran Rivyèdinò pou rive nan komin Bawon. Bawonè yo gen plizyè resous nan komin nan yo ka eksplwate men se toujou ak fòs ponyèt yo, yo toujou ap lite pou wè sa yo ka fè.

C360_2018-08-20-12-59-35-919-41.jpg

Nan lane 1981, kèk peyizan te konstate anpil pwoblèm nan domèn agrikòl nan zòn nan. Sa te pouse yo voye je sou kakawo k’ap gaspiye nan kominote a. Nan lane 1982, yo ta pral kòmanse ak yon sansibilizasyon pou gade kouman yo ta ka pote yon solisyon ak pwoblèm sa yo. Dapre temwanyaj Digué Andréus ki se youn nan manm fondatè KOATAM ak responsab sekirite ladan l, sa pat fasil ditou pou te mobilize moun yo.

Malgre difikilte sa yo lidè yo pa t kanpe e se konsa yo te vini ak KOATAM ki se Koperativ Agrikòl Travayè Aktif Montay Nwa. Yon lide ki te sòti nan tèt yon pitit kominote Bawonèz la. Se te yon pèsonaj yo rele Cluny Jean ki te vini ak lide a men ki fè vwèl pou peyi san chapo.

Pou yo te kòmanse, yo te mete sou pye inisyativ sa ki se kolekte kakawo peyizan yo pwodui, seche yo epi revann yo sou mache a. Se konsa pandan yo t’ap fè travay sa ak ti kras mwayen yo, yo te vin rankontre ak FECCANO (Fédération des Coopératives Cacaoyères du Nord) ki te vin ba yo yon bourad pou yo te ka mete yon lokal sou pye epi ede yo jwenn kèk moun pou fè fòmasyon pou yo. Fòmasyon sa yo te fèt sou fason pou yo pran swen kakawo yo, sòti depi nan keyèt pase pran preparasyon rive nan jan peyizan yo ap mete kakawo yo nan sak pou vin vann yo nan biwo KOATAM lan.

C360_2018-08-20-14-05-52-610-44.jpg

Lè KOATAM fin achte kakawo a nan men pwodiktè yo epi voye yo nan FECCANO aprè fèmantasyon, pwodui sa yo pa rete sèlman nan peyi a, yo vann yo aletranje sitou nan kontinan Lewop. Daprè sa mesye Phanord, ki se kòdonatè aktyèl KOATAM, fè konnen, pou pwodui sa yo ka byen vann sou mache entènasyonal la, fòk transfòmasyon an byen fèt. Se sa ki pèmèt yo fè benefis ki ale nan avantaj ni pwodiktè yo ni  KOATAM. Men pafwa yo konn fè defisi paske lè kakawo a pa byen prepare, fèmantasyon an konn difisil e pwodui yo konn pa nan bon eta, lè konsa yo pa rive estoke yo pou voye yo aletranje jan FECCANO fè sa pou yo.

Yo pa sèlman travay nan achte ak fèmante kakawo men yo bay kredi ak manm yo pou pèmèt travay yo pi fasil e yo fè tou konsèvasyon sòl nan 8 lokalite ak lòt kote yo kouvri anndan komin Bawon an. Lè konsa, fanm kou gason mete tèt yo ansanm nan yon lespri konbit e pote sa yo genyen: manje ak bwason pou konsome nan mòn yo pou travay yo ka fèt pi vit e pi byen tou.

Nan koze kredi a, fanm yo jwenn bon avantaj pou jere komès yo. Sa ki te gen biznis deja rive ogmante yo tandiske lòt yo kòmanse ti biznis yo ti pa ti pa pou pran swen fanmi yo ak achte sa yo gen bezwen pou fonksyone. Selon sa youn nan medam benefisyè yo temwanye, fanm yo jwenn bon jan avantaj e lavi yo rive chanje apati kredi koperativ la ba yo. Yon lòt kote tou, yo benefisye fòmasyon sou jesyon lajan ak ankadreman familyal.

IMG_0409.jpg

Gras ak travay KOATAM yo, lavi peyizan yo vin chanje nan tout sans e gen yon gwo jès yo fè tou ki se ristoun paske lè moun nan fin vann kakawo, lè benefis la tonbe gen moun ki konn jwenn anviwon 10 000 goud kòm ristoun sou kantite liv kakawo pwodiktè a vann. Yo bay manm yo travay tou e yo sipòte yo nan kesyon kredi a tou, sa ki rann lavi yo gen yon ti amelyorasyon.

Selon Digué Andréus, KOATAM fonksyone nan klate e pa gen anyen ki sekrè pou pèsonn e se konsa yo vize pou yo vole pi wo ak koperativ sila pou yo ka kouvri plis moun ak pèmèt plis lajan rantre nan kominote a.

Nan lane k’ap pwoche yo, manm ak responsab Koperativ TravayèAktif Montay Nwa yo swete travay nan transfòmasyon tou paske yo ta renmen transfòme kakawo yo an chokola epi lòt pwodui fini tou.