AJABM

Monben Kwochi se yon komin nan depatman Nòdès. Li gen 34 700 moun k’ap viv ladan l men moun yo plis viv nan milye riral yo. Akòz wout ki pa prèske gen, pou yon moun ki nan Nòdès ale nan komin sila, li oblije pase pa Bawon osinon Dondon, Sen Rafayèl, Piyon ki se kalte komin ki jous nan Nò aloske li t’ap jis pi senp pou pase pa Valyè osinon Karis pou te rive Monben Kwochi byen vit. Sa vin fè moun plis gen koneksyon ak Okap ki nan Nò epi Ench ki nan Plato Santral aloske distans Monben Kwochi ak Wanament lan si te gen wout t’ap pi kout.

IMG_0642-95.jpg

 Se yon komin tou ki non sèlman pa prèske gen lekòl men ti sila yo ki te genyen yo pa te rive nan segondè. Se pou sa, paran ki te vle kontinye bay timoun yo moso ledikasyon te oblije voye pitit yo Okap, Ench osinon nan Papay. Nan epòk la, mesye dam sa yo, sitou sila yo ki te Ench ak Papay yo, te toujou kenbe koneksyon epi reyini pou chita pale sou lakay. Pandan yo t’ap reflechi se konsa yo tonbe sou yon gwo bout tonton kesyon e ki ta pral rete nan lespri gwoup sila: “Kijan yon kominote ka devlope san edikasyon?” Sa te pouse gwoup jenn sila ki t'ap reflechi sou lokalite yo a te kòmanse nan fè kèk aktivite kiltirèl nan zòn nan pou mete animasyon ak gete nan vil la.

Yo te konprann sa pa ka rete la e yo te deside striktire bagay yo. Se konsa, an 1991, yo  fonde AJABM ki se Asosiyasyon Jenn pou Avansman ak Byennèt Monben Kwochi ki te kòmanse ak 10 moun. Oganizasyon an ta pral fè premye gran pa l lè 7 manm (Joseph Etzer, Bonhomme Michel-Ange, Brenord Louis, Dieumène Louis, Isidor Gonave, Zacharie Louis, Sensuel Charles-Pierre) nan gwoup la te vini ak lide pou fè yon lekòl segondè.

Malerezman, yo pa te gen ni kòb, ni lokal pou fè sa men yo te gen volonte ak konpetans. Pou te atenn objektif yo a, yo te pataje ide yo a ak Pè zòn nan alepòk ki te prete yo 2 chanm nan lokal lekòl Notre Dame nan ke pè a t'ap dirije pou yo te kapab fè 2 klas. Donk, lekòl pa yo a ki rele Collège de l'Espoir pa te gen chwa ke fonksyone nan apremidi. Kòm lekòl alepòk pa te preske peye (17 goud /mwa), donk, anpil nan manm yo ta pral sèvi kòm pwofesè benevòl. E kòm yo pa janm onore yon pwofèt nan peyi l, se Sensuel Charles-Pierre ki pa te moun zòn nan men ki te toujou la ak yo, yo te bay direktè kolèj la pou moun yo te ka bay lekòl la plis estim.

20180914_090245-99.jpg

Lè lekòl la kòmanse fonksyone, AJABM te fè yon demand bò kote majistra Jean-Claude pou l te prete yo yon lokal lameri a te genyen men li pa te konn sèvi ak li. Majistra a te reponn yo pozitivman. Sa ki te fè Collège de l'Espoir ap fonksyone nan 2 lokal. Abitid kèk manm nan asosiyasyon an nan zafè fè entèprèt pou yon kalte etranje ki te konn vin nan sant sante vil la te pèmèt yo devlope kèk lyen zanmitay ak kèk nan yo. Kèk nan etranje sa yo te vin ofri posibilite pou bay yo yon ti èd pou lekòl la, men etranje yo te avèti yo se ap jis yon kontribisyon paske yo p’ap ka fè tout bagay pou yo.

Se konsa an 1997, nan ti ekonomi yo fè nan lekòl la ak kontribisyon manm asosiyasyon an, yo te rive jwenn kòb pou yo achte yon tè pou te wè kijan yo ka fè pou kòmanse konstrisyon lekòl la. Sèvis kèk nan yo te konn rann sant sante a te lakòz enstitisyon sante sa a aksepte prete yo yon kamyon baskil yo te gen. Se konsa chak apremidi, elèv lekòl la, paran elèv, manm asosiyasyon an, moun nan kominote te ofri èd yo (charye wòch, sab, dlo) ak sa yo ka fè (masonri, chapant,...), menm mwen menm ki te elèv lekòl la alepòk te nan charye wòch ak lòt materyo tou » ap repete ak tout fyète l Rodny Pierre ki se manm AJABM epi aktyèl administratè sant sante a. Etranje yo te santi bòn volonte yo ak angouman yo te pote kontribisyon yo, sa ki te pèmèt yo rive nan konstriksyon yon lokal san twati. AJABM li menm ak kontribisyon manm li yo mete ansanm pou te fè twati lekòl la.

Lekòl la ta pral pran tout siksè l' lè n' voye premye elèv 9èm nou yo konpoze epi preske tout bon. Sa te fè moun yo konprann se yon lekòl tout bon vre y'ap fè. Sa te pouse tou yon bann granmoun retounen lekòl. Gras ak sansibilizasyon yo te konn fè sou zafè ledikasyon, paran yo ki te konn neglije tifi yo nan zafè kontinye lekòl te kòmanse chanje mantalite. Joseph Etzer ki se yonn nan pwofesè di :

« Men pi gwo boum nan ta pral rive nan lane 2006 lè yo te resi rive voye timoun nan reto. Lè sa a timoun yo te konn al konpoze Fòlibète. Siksè ak repitasyon Collège L’espoir ta pral komanse konfime lè tout 30 timoun ki t’al konpoze te bon ».

               Brenord Louis ki se ekonòm epi pwofesè nan lekòl la kontinye montre enpòtans Collège l’Espoir nan kominote a :

IMG_0650-96.jpg

« Nou gen anviwon 30 anplwaye e se lekòl la ki pèmèt nou menm kòm pwofesè viv epi ede fanmiy nou. Anplis siksè nou nan bakaloreya pèmèt ministè levasyon peyi a onore n epi bay nou plizyè plak lonè. Jounen jodi nou se yon referans kòm bon lekòl nan depatman Nòdès la. Fyète a pa rete la paske elèv nou yo lè yo patispe nan konkou yo preske toujou fè gwo bout nòt. Se sa k fè nou gen anpil timoun ki t’ap etidye la a ki rive patisipe nan konkou epi rive jwenn bous pou al etidye Meksik nan moman an. »

AJABM se yon òganizasyon ki toujou ap gade kijan yo ka chèche epi jwenn travay pou amelyore vizaj zòn nan. Se konsa nan fè demach yo te rive benefisye nan men UNOPS yon pwojè nan lane 2009. Travay sa se te yon travay rebwazman kote yo rebwaze yon bon pati nan zòn Chervin. Manm yo konnen lajan sere pa fè pitit, se konsa yo pa te deside ni sere ni manje ti kòb yo te tire nan pwojè sa, yo te deside mete l nan kredi pou manm yo fè kòmès.

Nan objektif pou fòmalize bagay yo, yo te deside kreye yon gwoup ki pote non "Groupe Cotion Solidaire" ki jere zafè kredi òganizasyon an. Wanel Joseph ki se responsab zafè kredi sa a di :

 « Nou te kòmanse l ak 200 000 goud e nou te itilize lajan sa a pou te bay 50 moun kredi. Men fòk nou di tou kredi a se yon kredi kolektif, sa vle di se gwoup 3 pou rive 5 moun nou bay li l. Nou prete pou pi piti 2 500 goud epi 25 000 goud pou plis. »

Yo bay kredi a ak yon to enterè 4%. Nan to sa a, 2% ale pou asosiyasyon an tandiske lòt mwatye rete kòb benefis pou manm yo.

Yon premye mennen yon dezyèm e se konsa nan lane 2012-2013, yo te jwenn yon pwojè amenajman wout Silvès-Bwadlorans ki se te yon travay kote yo te pran anpil moun pou netwaye ak fè ti travay nan tronson wout sa. Se ministè agrikilti ki te finanse pwojè sa a. An 2014 ankò, yo te jwenn yon lòt pwojè pou wout Dore – Monben Kwochi, malerezman, ministè agrikilti te sèlman bay premyè tranch kòb la tandiske travay pou dezyèm tranch lan te fèt. Sa ki te mete yo nan yon sitiyasyon trè difisil.

Move esperyans sa a pa anpeche asosiyasyon an ki vize byennèt kominote a te lage l nan yon gwo kanpay sou zafè ekite jan nan lide pou pouse fanm yo enplike yo plis nan kominote, ede moun yo wè fanm yo yon lòt jan epi diminye vyolans kominotè. Yo pa sèlman fè fòmasyon sou ekite jan men tou sou  MST ak lijyèn, yon fason pou redi yon kalte ris maladi nan kominote a.

Malgre pakou yo, AJABM pa janm sispann reve gran e nan sans sa yo swete gen yon gwo lekòl pwofesyonèl nan komin nan, amelyore kondisyon lavi moun yo epi fasilite byennèt manm kominote a.