RACINE

Sen Michel se yon komin ki trouve li nan awondisman Mamelad, depatman Latibonit. Daprè dènye ankèt IHSI[1], li gen 150 511 moun k’ap viv ladan l. Li tabli sou yon sipèfisi 613,74 km². Sen Michèl Latalay se 2èm pi gwo komin nan peyi a (apre Kwadèboukè) pa rapò ak sipèfisi li. Li sitiye l a anviron 160 km kapital peyi Dayiti (Pòtoprens). Sen Michel genyen 8 seksyon kominal ki se Platana, L’Ermite, Camathe, Lacedras, Bas de Sault, Mormont, Lalomas, l’Attalaye.

IMG_9985.jpg

Ekonomi Sen Michel chita sou plantasyon kann men nan tan lontan li te chita sou kilti tabak ak koton. Se yon zòn ki rekonèt sitou pou kalite kleren l’ap pwodi pou voye vann nan tout peyi a ak kèk peyi etranje. Mete sou sa, se yon zòn ki gen gwo repitasyon nan pwodi manje ak fè elvaj. Malgre tout potansyalite sa yo, se yon zòn kote wout li pa bon menm e nan peryòd lapli pa gen bouch pou esplike pwoblèm wout sa bay. Malerezman, anpil fwa lajan anpeche moun yo eksplwate potansyalite komin nan.

Plantè, elvè ak transfòmatè kleren yo te konprann yo pa ka rete chita ap tann lamán soti nan syèl e te deside pou fè yon bagay apre OCADER[2],ki te tabli sou tout peyi a e ki te patikilyèman regroupe peyizan nan Sen Michèl, te kraze. Moun nan òganizasyon sa a ki te moun Sen Michel Latalay yo te deside mete tèt yo ansanm pou fè yon bagay. Se konsa nan lane 2009, yo delege yon (1) manm ki soti nan chak seksyon kominal komin nan pou yo te monte yon komite ki tap tankou yon sòt òganizasyon peyizan. Yo te batize òganizasyon sila RACINE ki vle di nan lang franse : Rassemblement des Citoyens pour la Nation et l’Environnement. Se yon òganizasyon ki chita kò l nan tout 8 seksyon kominal komin Sen Michel.

Manm fondatè yo te konprann difikilte agrikiltè ak moun k ap fè epi vann kleren yo rankontre e te deside chèche mwayen pou ede yo jere problèm sa. Konsa, yo rive konprann pou reyisi nenpòt bagay fòk ou gen fòmasyon. Sa te pouse yo chèche fòmasyon sou zafè jesyon ti biznis, kijan pou yo jere konfli nan yon òganizasyon epi devlope lidèchip yo. Sa a te pote yon premye van chanjman sou fason yo jere biznis yo. Konsa, Jean PIERRE ki se yonn nan manm asosiyasyon sa a rive jwenn pi bon zouti pou jere gildiv li an e konnen tout kalkil li dwe fè pou fè kou opòtinite nan biznis li an. Gras ak fòmasyon li yo, RASINE vin blayi tou plis viv ansanm nan kominote gras ak konesans manm li yo sou jesyon konfli.

C360_2018-08-13-10-00-33-832.jpg

Konsa nan lane 2017, gras ak yon fòmasyon yo te jwenn nan men KOFIP (Kolektif Finansman Popilè), rasanbleman an te komanse kreye mityèl nan mitan l. Se konsa yo rive fè 4 mityèl ki gen 10 moun kote moun yo menm ap kotize pou lè yo gen maladi osinon pwoblèm epi bezwen prete yon ti kòb. Mityèl yo te komanse ak 50 goud e jounen jodi genyen ki vin pase a 50 000 goud. Se konsa KOFIP te vin fè yon voye je gade nan mityèl yo epi te deside fè yon eksperyans ak yo. Nan sans sa, yo te prete 4 mityèl 50 000 goud pou yo ogmante kredi yo. Sa te byen pase e te pouse yo ogmante lajan kredi an epi prete plis mityèl toujou anndan RASINE. Se nan lajan sila yo, Olisen JOSEPH ki te konn siye bwa pou fè planch pou moun rive jwenn kòb prete ak yon enterè tou piti : 3% pou li rive jounen jodi preske chanje metye. Li kontinye pou l di :

« Jounen jodi m pa siye bwa pou moun ankò men okontrè mwen gen 2 siyè bwa kòm anplwaye epi m vin tounen yon gwo founisè  planch kote moun ka vin achte planch nan men m kit l’ap achte an gwo kit l’ap achte an detay »

Oganizasyon an travay anpil nan zafè lidèchip epi transparans se sa k fè lè yo delege yon moun pou reprezante yo nan reyinyon seksyon kominal, RASINE osinon lot rankont, yo toujou gen 2 kesyon pou li : « Kisa w pote soti nan reyinyon an ? », « Kisa w te pataje ak yo ? » epi chwazi yon lòt moun pou fè verifye bò kote òganizatè rankont la, sa ki te fèt vre.

Pwodiktè kleren nan Sen Michel pou kounya ap fè fas ak gwo difikilte ak kesyon etanol ki anvayi mache nasyonal la, malgre anpil demach asosyasyon plantè kann yo fè devan otorite ki konsène yo, anyen pa janm rive fèt pou malere ak malerèz k’ap pwodi bon kalite kleren nan Sen Michel jwenn yon bout ak problèm sa. Sa ki lakoz yo manke ka jwenn mache pou yo vann bon kleren y’ap pwodi yo. Anplis, sa koz tou, lè yo fin fè kleren an se apre plizyè mwa yo resi vann kèk galon paske kleren etanol la vann pi bon mache. « Malgre li pa gen kalite, moun yo achte l plis paske ak 10 goud yo jwenn vè » daprè Dessaliste Joseph ki se kodonatè jeneral RASIN. Li kontinye pale pou l di :

«Kleren pa nou an se kann ki fè l, n’ap kontinye pwodi l pou moun ki pa kwè nan kantite men pito nan kalite ».

Fas ak gwo pwoblèm y’ap rankontre ak pwodiksyon kleren an, Jean Pierre ki se kòdonatè RASINE nan seksyon kominal Bas de Sault epi tou propriyetè pi gro gildiv nan seksyon an, nan tèt kole ak 9 (nèf) propriyetè gildiv nan zòn nan, te deside monte yon òganizasyon pou konbat ansanm tout kalite pwoblem y’ap rankontre nan prodiksyon kleren an ki pote non APTKASMA ki defini kòm Asosiyasyon Plantè ak Travayè Kann Sen Michel Latalay ki trouvel anndan RACINE, yo chita chak mwa pou brase lide sou problèm yo. Nan brase lide yo panse a monte yon projè epi soumèt li bay KOFIP (Kolektif Finansman Popilè) ki pou prete chak manb 100 000 goud pou yo plante kann epi fè plis kleren pou vann nan tout peyi a.

Rèv RACINE se rive plante plis kann nan tout 8 seksyon yo pou yo k’ap pwodi plis kleren. Se ap yon fason pou plis moun fè lajan nan kominote a. RASINE se yon modèl òganizasyon peyizan kote respè, lidèchip ak tèt ansanm pote yon gwo zouti devlòpman pou plantè Sen Michel kapab reve pi gran epi vanse pou pi douvan.


[1] Institut Haïtien de Statistique et d’Informatique

[2] Organisation Communautaire pour le Développement Rural