SOFA

IMG_9457.jpg

Solidarite Fanm Ayisyèn (SOFA), se yon òganizasyon fanm nasyonal ak rejyonal ki kreye 22 fevriye 1986 nan Pòtoprens. Gras ak Delicia Jean, yon ansyènn konbatant nan Sen Michèl, yon branch SOFA te vin chita kò l3 avril 1989 nan komin sa a. Sen Michèl Latalay se dezyèm pi gwo komin (pa rapò ak sipèfisi li) anndan peyi a aprè Kwadèboukè. Li sitiye l nan awondisman Mamlad. Li gen ladan l 8 seksyon Kominal. Komin sa gen yon sipèfisi anviwon 613,74 km2 ki tabli sou 8 sekyon kominal ak anviwon 150 000 moun k’ap viv ladan l selon dènye estimasyon popilasyon ki te fèt nan lane 2009. Kann se prensipal kilti komin sa a epi avèl yo rive fabrike “kleren Sen Michel” ki gen yon repitasyon pi bon kleren an Ayiti. Lavi nan bouk sa a pa twò fasil paske wout yo pa nan bon eta. Labou lè lapli tonbe epi pousyè lè gen sechrès se sa ki salye w lè w rive nan bouk sila a ak tout lòt 8 seksyon kominal yo.

Inisyativ SOFA te mete sou pye nan Sen Michèl Latalay, paske gen kèk medam ki te wè yo pa te preske bay fanm yo plas nan sosyete a e yo te bay fanm yo limit, se te lave, pase, wouze, pase twal mouye, bale,… fanm yo te konn fè. Lè medam yo te vin ap reflechi, yo wè fanm yo gen lòt bagay yo ka fè. Se poutèt sa yo te mete tèt yo ansanm pou moute yon branch òganizasyon ki rele SOLIDARITE FANM AYISYÈN nan nan zòn nan. Sa te fèt dekwa pou tout fanm yo te kiltive solidarite ant yo, bwase lide ansanm, pou yo pale sou enpòtans fanm, dwa yo (yo egal ak gason yo). Tout sa te dwe pèmèt yo gen yon sèl pawòl pou yo jwenn sa yo gen bezwen.

SOFA nan Sen Michèl Latalay se yon òganizasyon fanm ki la pou pote revandikasyon epi defann dwa fanm yo nan zòn Sen Michèl Latalay. Anndan SOFA, nou jwenn tou kategori fanm : sa ki soti nan milye riral, sa ki soti nan katye popilè, oubyen fanm profesyonèl yo. SOFA tabli kò l nan tout 8 seksyon Sen Michel ak plis pase 1000 manm.

P_20180814_113800.jpg

Nan kòmansman, branch SOFA nan Sen Michel Latalay te kreye ak kotizasyon manm yo lè yo rasanble e pou tout aktivite yo, yo met tèt yo ansanm ak yon eslogan « ti patat fè chay », ki vle di, ak san genyen an, piti kou l ye, nap rive akompli sa nou reve a. SOFA nan Sen Michel travay sou 5 aks, ki se:

  • Vyolans sou fanm

  • Sante pou fanm

  • Patisipasyon fanm nan espas desizif yo ki se aks politik

  • Otonomizasyon fanm

  • Ransfòsman òganizasyonèl.

Daprè ansyèn kòdonatris SOFA nan Latalay, madam Mergina Fleurisma ki se yon fanm vanyan ki antre nan òganizasyon an depi nan lane 1999 e ki pase plis pase 10 lane nan tèt SOFA Sen Michèl (2004-2017):

“Nan kòmansman SOFA te fè yon kokennchen mobilizasyon pou moun nan zòn nan pou sansiblize tout moun sou valè fanm nan sosyete a. Kanpay sansibilizasyon an  te plis konsantre sou manman yo paske se yo ki fè edikasyon timoun yo e ki di tifi yo pi fèb pase ti gason. Yo te fè anpil travay ak yo pou ankouraje medam yo voye tifi  yo lekòl.”

Pou sa ki gen awè ak ak vyolans sou fanm yo, nan koumansman SOFA Sen Michèl te gen 6 sant douvanjou kote yo te konn resevwa fanm ki viktim vyolans, akonpanye yo pou pote plent, montre yo ki wout pou yo fè, fè akonpayman medikal, akonpayman jiridik ak legal, ak akonpayman sikososyal. Yo te gen yon pwogram espesyal pou minè ki sibi vyòl tou. Sa vin redwi zafè bat fanm ak vyole fanm nan zòn nan. Madam Josianne Fleuridor di konsa:

“SOFA pou kounye a pran yon gwo frap ak sa ki wè ak sant douvanjou yo paske se yon espas nou te lwe, se poutèt sa se lakay mwen nan bouk la sèlman yo resevwa fanm  ki sibi vyòl ak vyolans.”

Selon deklarasyon responsab aks vyolans nan Sen Michel la, madam Idenise Derosier , “aks sa se li ki pi sansib nan tout travay SOFA, paske viktim yo konn pè pou pote plent nan lide pou sosyete pa gade yo mal. Sa lakòz, lè yon mari bat yon fanm se an kachèt li pote plent e mande pou sa rete an sekrè e pa fè pouswit lajistis deyè mari l. Ankadreman pou al lajistis nou bay medam ki viktim vyolans yo konn pèmèt nou jwenn anpil presyon ak menas sitou nan men mesye yo ki akize nou ap kraze fwaye yo.” Madanm nan ajoute pou l di: “Menm lè l’ap mache nan lari, mesye yo pa kite l’ pran souf nan di vye mo, joure ak lonje dwèt sou li tout lasentjounen. Yonn nan pi gwo pwoblèm SOFA jwenn nan zafè aks sa se lè yon minè sibi vyolans. Li pi konplike toujou lè se yon moun nan antouraj li ki fè aksyon an. Se poutèt sa lè y’ ap fè rankont yo konn envite mesye yo”.

Aktivite ekonomik pou bay endepandans medam yo jarèt

SOFA gen yon antite andan l ki se yon atelye ki okipe zafè ekonomik. Li travay sitou nan transfòmasyon bannann an farin, lam veritab an kremas, anbale siwo myèl mete yo nan boutèy ak nan galon, prepare farin manyòk ki ka fè labouyi epi li bay apikiltè yo fòmasyon.

Sou menm kesyon transfòmasyon an, atelye sa a ap travay nan Sen Michel depi nan mwa jen 2008 aprè kèk manm SOFA te pran fòmasyon sou transfòmasyon nan PRODEVA.
Atelye a se yon inisyativ k’ap ankouraje medam yo gen ti kòb nan men yo pou regle afè yo, pou anpeche yo pa twò depann de moun.

Ak sipò OXFAM, SOFA Sen Michèl nan lane 2015 te reyalize yon pwojè sou kesyon Morenga (Benzoliv). Morenga se yon plant ki pa mande anpil dlo, yon plant ki rich an vitamin, minewo ak pwoteyin. Plant sa soti nan peyi End men jounen jodi se yon plant w’ap jwenn tout kote nan peyi Dayiti. Menm si pwojè a fini depi fevriye 2017, medam yo toujou kontinye ak aktivite a ki gen retonbe ekonomik, medisinal, pami lòt. Ak aktivite morenga SOFA genyen nan Sen Michel la, li pèmèt pwodiktè morenga yo pa koupe pyebwa sa ki se yonn nan mwayen ki ankouraje pwodiksyon nasyonal ak kenbe anviwonman an. Li pèmèt yo kreye travay pou moun k’ap viv Sen Michel epi pèmèt fanm yo jwenn aktivite ki rapòte yo lajan san se pa chabon yo fè.

Pwojè sa a pèmet yo gen yon ti lajan disponib yon kote si y’ap fè yon aktivite yo p’ap bezwen lonje kwiy yo pou yo mande èd toutan. Chak fwa atelye a ap travay gen plis pase 10 fanm ki jwenn travay men malerezman akoz pwoblèm aksè, se sèlman pou mache lokal la yo pwodui. Yo poko gen kapasite pou yo reponn ak lòt zòn yo, ni mache entènasyonal la.


Yon fèm kap kore rebwazman ak agrikilti

Pi gwo bagay SOFA posede nan Sen Michel se yon “Ferme école feministe” sa vle di yon Fèm ki tou gen yon sant fòmasyon nan teknik agrikòl ONU FEMMES te finanse depi nan lane 2014 e ki pote non Delicia Jean, yon fanm ki te goumen anpil pou SOFA nan Sen Michèl Latalay ak kokenchenn kapasite li te genyen pou l travay ak òganize. Fèm sa a kreye nan objektif pou fòme moun sitou fanm yo sou kesyon agrikilti, aprann yo konman pou yo travay pi byen nan agrilti.

Nan lide sa, yonn nan manm SOFA yo rekonèt:

"Fòmasyon sou agrilki a bon anpil. Li pèmèt medam yo fè jaden lakay yo, epi fè ekonomi, paske lè y’al nan mache yo p’ap bezwen achte ti materyèl tankou epis, gonbo ak lòt ti engredyan pou fè manje, alòke yo ka fèl lakay yo.
Li kontinye pou l di ke fòmasyon sa enpòtan anpil paske nan tan sa moun yo manje anpil manje pèpè sa ki rann yo gen anpil maladi. Pafwa moun nan tonbe li mouri sanzatann, yo di a sa se yon kout lè, sa se yon kout zonbi, epoutan manti wi, maladi ki touye l san moun nan pa konnen” .

Fèm ‘’école féministe’’ la gen yon espas dòtwa, twa (3) sal pou fè kou, sal pou mete materyo tankou pikwa, pèl, manchèt, chapo, elatriye. Kontriksyon fèm nan avanse men li poko ka fini akòz pri materyo yo ki monte.

Medam yo te patisipe nan yon konkou kote yo te jwenn yon prim. Avèk kòb sa yo rive fòme 240 moun, ladan yo 237 fanm ak 3 gason. Fòmasyon yo te baze sou kesyon makotaj, grefaj, boutiraj, platbann, diran 6 mwa, yo te fòme yo pou yo vin teknisyen agrikòl.

P_20180814_113844.jpg

Nan tout tè fèm nan, yo plante morenga paske espas la pa twò fètil. Poutèt sa, medam SOFA nan Sen Michèl yo te fè yon pledwaye bò kote otorite lokal yo ki ba yo 10 kawo tè nan Savann Dyann kote yo fikse kòm objektif pou plante 30 milyon pyebwa ladan l, epi fè pepinyè pou jwenn pyebwa pou plante nan lòt zòn nan peyi a. Yo vle retounen tou ak koutim kote chak yon timoun fèt paran l plante yon pyebwa. Yo vle ankouraje moun Sen Michèl plante plis pyebwa paske se yon zòn yo itilize anpil bwa pou zafè gildiv yo pou yo ka fè kleren. Yonn nan pi gwo sousi medam yo, yo pa vle pou zòn nan rive yon lè li pa gen pyebwa ladanl kote moun yo fin koupe tout pou yo itilize. Pou kounye a, SOFA gen plis pase 25 mil pepinyè nan tè fèm nan ak nan plizyè lòt zòn nan Sen Michèl.

SOFA nan Sen Michèl Latalay gen yon Mityèl Solidarite kote fanm yo gwoupe yo, yo sanble kòb, met kòb ansanm aprè pou yo prete manm nan òganizasyon an. Selon Simène Joseph, medam lontan yo te plis kwè nan tèt ansanm sitou sou kesyon sanble kòb ant yo, men jounen jodia a koz ONG yo, filozofi sa a fayi sa vin kòz anpil pwojè SOFA pa reyalize.

SOFA nan Sen Michèl gen yon komite 10 moun ki ladan li : yon kòdonatris, yon vis kòdonatris, yon trezoryè , yon responsab aks vyolans ak responsab swivi pou yon dire 2 lane. SOFA nasyonal fin fè Asanble Jeneral avan epi yo vin nan Sen Michèl pou fè eleksyon. Chak zòn chwazi yon reprezantant pou yo voye vin nan aktivite pou chwazi komite jeneral la.

Jounen jodia SOFA Sen Michèl Latalay fè anpil patnè ki vin met men man travay yap fè bò kote moun nan zòn nan sitou medam yo. Patnè tankou ajans gouvènman, ONG oubyen asyosyasyon kominotè. Yo pote sipò yo sou sa ki gen awè ak fòmasyon, kichòy sou pi bon mòd kilti latè ak transfòmasyon fwi, ak ede jwenn materyèl. Sa pèmèt medam yo vin kwè nan tèt yo. Gen youn nan medam yo ki di :

“ Lontan ou te ka ap chèche yon fanm nan Sen Michèl pou pran lapawòl ou te ka pa jwenn, kounya nenpòt fanm depi li di li nan SOFA pa pè ni entimide pou pale”

Anplis de sa, medam yo vin jwenn tou mwayen ekonomik nan men yo pou yo peye lekòl pi fasil. Chanjman SOFA pote pandan 29 lane nan Sen Michèl, medam yo kalifye l de gwo koze, yon chanjman total kapital kote kounya medam yo vin jwe wòl lidè. SOFA daprè yo tounen yon fòs ak referans pou medam yo kote depi yon moun vle fè yo yon bagay ki pa nòmal, yo site non SOFA.

Pèspektiv Sofa nan Sen Michèl Latalay pou ane kap vini yo se pou fè grenn morenga yo tounen lwil, pou yo anbale l mete sou mache a . Yo vle fini ak konstriksyon yon kay kote manm yo kotize ansanm pou yo fè biwo. Yo prevwa pou fèm ekòl feminis lan tounen yon sant ki ap bay fòmasyon sou agrilkilti, yon sant referans sou transfòmasyon angrè natirèl, epitou fè fèm nan tounen yon sant ki vivan kote chak jou ap gen fòmasyon.

Medam SOFA yo nan Sen Michèl fikse kòm objektif pou travay plis sou kesyon otonomizasyon fanm ak travay plis chak jou pou fanm yo. SOFA toujou pran swen nan chak fòmasyon pou pale fanm yo sou enpòtans yo genyen ak wòl yo genyen nan sosyete a ki se lite pou yon sosyete fanm ak gason gen menm dwa.